Sòm 142

Haitian Contemporary Version

1 (2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Senyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Senyè a.

2 (3) M'ap louvri kè m bay Bondye, m'ap rakonte l mizè mwen.

3 (4) Lè m santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.

4 (5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m. Pa gen yon moun pou pwoteje m. Pa gen yon moun pou pran ka m.

5 (6) Mwen kriye nan pye ou, Senyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

6 (7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo, paske yo pi fò pase m.

7 (8) Wete m nan prizon sa a pou m ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.

chevron_left Cap. 141 142 de 150 Cap. 143 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis