Sòm 20

Haitian Contemporary Version

1 (2) Se pou Senyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.

2 (3) Se pou l rete lakay li pou l voye ede ou. Se pou l rete sou mòn Siyon an pou l soutni ou.

3 (4) Se pou l chonje tou sa ou ofri ba li, pou l kontan tout bèt ou fè touye pou li.

4 (5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.

5 (6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Senyè a ba ou tou sa ou mande l.

6 (7) Kounyeya, mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l genyen batay la avèk gwo pouvwa li.

7 (8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.

8 (9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.

9 (10) Senyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!

chevron_left Cap. 19 20 de 150 Cap. 21 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis