Sòm 123

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Ou menm ki chita sou fòtèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

2 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Senyè a, Bondye nou an, jouk la gen pitye pou nou.

3 Gen pitye pou nou, Senyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

4 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

chevron_left Cap. 122 123 de 150 Cap. 124 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis