Sòm 116

Haitian Contemporary Version

1 Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.

2 Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.

3 Lanmò te fin vlope m. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn.

4 Lè m wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li: — Tanpri, Senyè, delivre m non!

5 Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.

6 Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

7 Mwen mèt rete kè poze, paske Senyè a te bon pou mwen.

8 Senyè, ou delivre m anba lanmò. Ou fè m sispann kriye. Ou pa kite m bite.

9 Se konsa m'a mache devan Senyè a, nan peyi moun vivan yo.

10 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Senyè a, menm lè m t'ap di: — Malè pa manke tonbe sou mwen!

11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m t'ap di: — Ou pa ka fè pèsonn konfyans!

12 Kisa m'a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?

13 M'a ofri yon bwason bay Senyè a, paske li delivre m. M'a rele l pou m di l mèsi.

14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m te pwomèt li a.

15 Sa fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri!

16 Senyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m yo.

17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Senyè a, m'ap rele l pou m di l mèsi.

18 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m te pwomèt li a. Lwanj pou Senyè a!

chevron_left Cap. 115 116 de 150 Cap. 117 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis