Sòm 59

Haitian Contemporary Version

1 (2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen! Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen!

2 (3) Delivre m anba malveyan yo! Sove m anba ansasen sa yo!

3 (4) Yo mete anbiskad pou yo touye m. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m pa fè anyen ki mal, san m pa fè okenn fòt, Senyè.

4 (5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! Vin bò kote mwen! Gade yo!

5 (6) Ou menm, Senyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! Vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!

6 (7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.

7 (8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!

8 (9) Men ou menm, Senyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.

9 (10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.

10 (11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m, paske ou renmen m. W'ap fè m wè jan moun k'ap pèsekite m yo ap fini mal.

11 (12) Pa touye yo pou moun pa m yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Senyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.

12 (13) Chak pawòl ki sòti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap sòti nan bouch yo.

13 (14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.

14 (15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.

15 (16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.

16 (17) Men mwen menm, m'ap chante pou m di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m te anba tray.

17 (18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kote Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kote Bondye ki renmen m lan.

chevron_left Cap. 58 59 de 150 Cap. 60 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis