Sòm 110
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Senyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
2 Senyè a va fè ou donminen sou peyi ki lòt bò fontyè peyi Siyon. Li di ou: Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
4 Senyè a te sèmante, Li p'ap chanje lide: Ou sakrifikatè pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
5 Senyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l ankòlè l'ap krabinen wa yo.
6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
7 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l yo.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol