Sòm 42
Haitian Contemporary Version
1 (2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
2 (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?
3 (4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje. Se tout tan moun ap mande m: — Kote Bondye ou la?
4 (5) Kè m ap fann lè m chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
5 (6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m? M'ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
6 (7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m sou ou.
7 (8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
8 (9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
9 (10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m kache a: — Poukisa ou bliye m konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m, lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo?
10 (11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la?
11 (12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol