Sòm 126

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Lè Senyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pat vle kwè se te vre!

2 Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: — Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

3 Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

4 Senyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

5 Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

6 Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

chevron_left Cap. 125 126 de 150 Cap. 127 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis