Sòm 138

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!

2 M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.

3 Lè m te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m plis kouray.

4 Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Senyè, lè y'a vin konnen pawòl ki sòti nan bouch ou.

5 Y'a chante pou sa Senyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Senyè a genyen!

6 Wi, Senyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.

7 Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.

8 W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

chevron_left Cap. 137 138 de 150 Cap. 139 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis