Sòm 99

Haitian Contemporary Version

1 Se Senyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fòtèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!

2 Senyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.

3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!

4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.

5 Lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Se Bondye tout bon li ye!

6 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l yo! Tout twa te rele Senyè a, li te reponn yo.

7 Li rete nan poto nyaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.

8 Senyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.

9 Lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Adore l sou mòn ki apa pou li a! Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

chevron_left Cap. 98 99 de 150 Cap. 100 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis