Sòm 114
Haitian Contemporary Version
1 Lè pèp Izrayèl la te sòti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l.
3 Lè Lanmè Wouj la wè l, li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
5 Kisa k pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisa k rive ou kifè ou sispann koule?
6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
7 Ou menm latè, tranble devan Senyè a, devan Bondye Jakòb la.
8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol