Sòm 137
Haitian Contemporary Version
1 Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: — Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 Ki jan ou ta vle pou n chante yon chante Senyè a nan yon peyi etranje?
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. Se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 Senyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l! Kraze l ratè!
8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol