Sòm 12

Haitian Contemporary Version

1 (2) Vin sove nou non, Senyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

2 (3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

3 (4) Senyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

4 (5) Y'ap plede di: — Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

5 (6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

6 (7) Pawòl Senyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou netwaye li.

7 (8) Ou menm, Senyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

8 (9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

chevron_left Cap. 11 12 de 150 Cap. 13 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis