Sòm 60

Haitian Contemporary Version

1 (3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!

2 (4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l tèt anba. Mete l sou de pye l ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.

3 (5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.

4 (6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.

5 (7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.

6 (8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: — Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.

7 (9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye.

8 (10) Men m'ap fè peyi Mowab sèvi ganmèl pou m'lave pye m'. M'ap fè Edon konnen se mwen ki mèt li. Pou peyi Filisti menm, m'kriye viktwa sou li.

9 (11) Ki moun ki pou mennen m nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m lavil Edon?

10 (12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa sòti ansanm ak lame nou yo ankò?

11 (13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.

12 (14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l.

chevron_left Cap. 59 60 de 150 Cap. 61 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis