Sòm 76
Haitian Contemporary Version
1 (2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l nan peyi Izrayèl.
2 (3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
3 (4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
4 (5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann sòti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
5 (6) Sòlda ki te gen anpil kouray nan lagè pèdi tout zafè yo. Kounyeya y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
6 (7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
7 (8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
8 (9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
9 (10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
10 (11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
11 (12) Fè pwomès ou bay Senyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l la.
12 (13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol