Sòm 130

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Nan mizè mwen ye a, Senyè, m'ap rele nan pye ou.

2 Senyè, koute m non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Senyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

4 Men, ou padonnen nou, pou n ka respekte ou.

5 Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.

6 N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!

7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

chevron_left Cap. 129 130 de 150 Cap. 131 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis