Sòm 10

Haitian Contemporary Version

1 Poukisa ou rete lwen konsa, Senyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?

2 Mechan ap gonfle lestomak yo, y'ap pèsekite malere. Se pou pye l pran nan pèlen li menm li tann lan.

3 Mechan ap vante tèt yo pou move lanvi ki nan lide yo. Lanbisyon fè yo pale mal, yo vire do bay Bondye.

4 Mechan yo tèlman gonfle ak lògèy, y'ap mache di: — Bondye p'ap pini nou. Yo menm di pa gen Bondye. Se sa ase mechan yo met nan tèt yo.

5 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l yo.

6 L'ap di nan kè l: Anyen pa ka brannen m. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.

7 Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l pale moun mal, pou l di gwo mo.

8 Li kache kò l nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans.

9 Li anbiske kò l tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.

10 Li bese, li kwoupi kò l, malere yo tonbe nan men l.

11 Mechan yo di nan kè yo: — Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je li, li p'ap janm wè yo.

12 Leve non, Senyè! Vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!

13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l: Li p'ap pini mwen?

14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.

15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.

16 Senyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.

17 Senyè, wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouray.

18 W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.

chevron_left Cap. 9 10 de 150 Cap. 11 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis