Sòm 87
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
2 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.
3 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
4 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etyopi, se Jerizalèm yo fèt.
5 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: Yo rele l manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l kanpe.
6 Senyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.
7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: Se ou menm ki manman nou tout.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol