Sòm 52

Haitian Contemporary Version

1 (3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! Renmen Bondye a pa janm chanje.

2 (4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.

3 (5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.

4 (6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!

5 (7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou sòti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.

6 (8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:

7 (9) Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kote Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.

8 (10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.

9 (11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sèvi ou yo pou m fè konnen jan ou bon.

chevron_left Cap. 51 52 de 150 Cap. 53 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis