Sòm 25

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

2 Piga ou fè m wont, pa kite lènmi yo pase m nan betiz.

3 Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka sòti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.

4 Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!

5 Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.

6 Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.

7 Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m!

8 Senyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.

9 Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.

10 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.

11 Senyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m yo, paske yo anpil.

12 Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran.

13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

14 Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

15 Se sou Senyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m lè m nan move pa.

16 Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.

17 Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a.

18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m yo.

19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m, jan y'ap pousib mwen.

20 Pwoteje m non! Delivre m non! Piga ou fè m wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.

21 Fè m viv yon jan ki san repwòch. Fè m mache dwat pou ou ka pwoteje m, paske tout espwa mwen se nan ou li ye.

22 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.

chevron_left Cap. 24 25 de 150 Cap. 26 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis