Jowèl 3

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a di ankò: — Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.

2 M'a sanble tout nasyon yo, M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa mwen yo. Paske, se yo ki te gaye moun Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo separe peyi a ant yo.

3 Yo te fè tiraj pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo t'ap vann ti gason pou jwenn kòb al nan jennès. Yo t'ap vann tifi pou jwenn kòb al nan banbòch, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.

4 Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m peye pou sa m te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa.

5 Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo.

6 Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n'al vann yo bay moun peyi Lagrès.

7 Kounyeya, mwen pral fè yo sòti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.

8 Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

9 Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n'al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Se pou tout sòlda yo leve kanpe! Fè yo mache pran yo!

10 Rache lam chari nou yo fè epe. Pran kouto digo nou yo fè fwenn. Menm moun ki pi kapon yo ap vin brav.

11 Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Senyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!

12 Se pou tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m jije tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a.

13 Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou n'ap koupe pitimi. Kraze yo tankou kann y'ap moulen. Barik ji kann yo plen ap debòde.

14 Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Senyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.

15 Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.

16 Senyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Senyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.

17 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon an, mòn ki apa pou mwen an. Jerizalèm va yon vil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran li ankò.

18 Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule sòti nan kay Senyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.

19 Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.

20 Men, m'a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Senyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.

chevron_left Cap. 2 3 de 3 Cap. 4 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis