Zakari 3

Haitian Contemporary Version

1 Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l.

2 Zanj Senyè a di Satan konsa: — Se pou Senyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Senyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l pa fin boule nèt.

3 Jozye te kanpe la devan zanj Senyè a, ak rad li tou sal.

4 Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: — Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: — Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou.

5 Lèfini, li pase yon lòd, li di lòt zanj yo: — Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp. Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade.

6 Apre sa, zanj Senyè a pale ak Jozye, li di l konsa:

7 — Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m yo.

8 Koute byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m lan, sa yo rele Boujon an, vini.

9 Men m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m wete tout peche ki nan peyi a.

10 Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

chevron_left Cap. 2 3 de 14 Cap. 4 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis