Matye 9
Haitian Contemporary Version
1 Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l te ye a.
2 Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
3 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: — Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.
4 Men, Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?
5 Kisa ki pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache?
6 Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: — Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
7 Nonm lan leve kanpe vre, l'ale lakay li.
8 Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.
9 Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.
10 Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l ansanm ak disip li yo.
11 Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: — Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?
12 Jezi tande sa, li di yo: — Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.
13 Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.
14 Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?
15 Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
16 Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou.
17 Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.
18 Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: — Pitit fi mwen an fenk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.
19 Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l tou.
20 Lè sa a, yon fanm malad pwoche dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi,
21 paske li t'ap di nan kè l: Si m ka manyen rad li sèlman, m'a geri.
22 Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.
23 Lè Jezi rive kay chèf la, li jwenn fanfa a t' ap pare pou lantèman an ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè yon pakèt bri.
24 Jezi di yo: — Tout moun, sòti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l nan betiz.
25 Lè foul moun yo fin sòti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.
26 Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
27 Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: — Pitit David, gen pitye pou nou!
28 Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: — Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: — Wi, Mèt.
29 Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la.
30 Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: — Tande byen, piga pèsonn konn sa.
31 Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l toupatou nan peyi a.
32 Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li.
33 Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: — Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.
34 Men, farizyen yo t'ap di: — Se chèf move lespri yo ki ba l pouvwa pou chase move lespri yo.
35 Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
36 Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
37 Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra.
38 Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol