Jan 3

Haitian Contemporary Version

1 Te gen yon nonm nan pati farizyen yo. Se te Nikodèm. Li te yonn nan lidè jwif yo.

2 Yon jou, li vin kot Jezi lannwit epi li di li: — Mèt, nou kwè se Bondye menm ki voye ou anseye nou. Paske pyès moun pa ka fè tout mirak sa yo si Bondye pa avèk li.

3 Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa.

4 Nikodèm di li: — Kijan yon nonm ki fin granmoun ka rive fèt yon dezyèm fwa? Eske li ka retounen nan vant manman li pou li refèt ankò.

5 Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.

6 Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.

7 Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.

8 Van an soufle jan li vle. Ou tande bri li. Ou pa konn kote li soti ni kote li prale. Se menm jan an tou pou moun ki fèt nan Sentespri Bondye.

9 Lè sa a Nikodèm di li: — Ki jan sa ka fèt menm?

10 Jezi reponn li: — Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?

11 Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.

12 Si nou pa kwè lè m'ap pale sou bagay isit sou latè, se pa bagay nan syèl nou ta ka konprann?

13 Pèsonn pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la.

14 — Menm jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a.

15 Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.

16 Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.

18 — Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a.

19 Men ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.

20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.

21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

22 Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.

23 Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l te batize yo.

24 (Lè sa a, yo pat ankò mete Jan Batis nan prizon.)

25 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.

26 Y'ale bò kote Jan, yo di l konsa: — Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize kounyeya. Tout moun al jwenn li.

27 Jan reponn yo: — Pèsonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.

28 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m pran devan li.

29 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l, l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt kounyeya.

30 Toutotan enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann.

31 — Moun ki soti anwo, li sou tèt tout moun, tout bagay. Men moun ki soti anba sou latè, se moun latè. L'ap pale sou sa li konnen sou latè. Men moun ki soti nan syèl la, li sou tèt tout moun nèt.

32 L'ap di sa l wè, sa l tande. Men, pèsonn pa asepte mesay li.

33 Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.

34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.

35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.

36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

chevron_left Cap. 2 3 de 21 Cap. 4 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis