Revelasyon 15

Haitian Contemporary Version

1 Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan syèl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.

2 Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.

3 Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an. Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.

4 Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.

5 Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan syèl la louvri.

6 Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo sòti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fen ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.

7 Yonn nan kat kreyati vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode lò tou plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.

8 Lafimen ki t'ap sòti nan gwo limyè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pèsonn pat kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pat ankò pase.

chevron_left Cap. 14 15 de 22 Cap. 16 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis