Sòm Capítulo 120
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Lè m te nan tray, mwen te rele Senyè a, li te reponn mwen.
2
Delivre m non, Senyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
3
Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou li fè ou pi plis pase sa?
4
Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?
5
Malè pou mwen, paske se tankou si m te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
6
Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
7
Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol