chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 13

Haitian Contemporary Version

1 (2) Konbe tan ankò w'a bliye m, Senyè? Gen lè ou bliye m nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m pa wè ou?

2 (3) Konbe tan ankò pou m soufri? Konbe tan ankò pou m gen lapenn nan kè mwen, pou m gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m yo va pilonnen m anba pye yo?

3 (4) Gade m non, Senyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m pou m pa mouri.

4 (5) Konsa, moun k'ap pèsekite m yo p'ap ka di: Nou fini avè l! Yo p'ap gen chans wè m tonbe pou yo kontan!

5 (6a) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m anpil. Kè m kontan, paske ou delivre mwen.

6 (6b) M'ap chante pou Senyè a, paske li te bon pou mwen.

Versículo do Dia

"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Salve seus versículos, junte-se à sua congregação

Cadastre-se grátis arrow_forward
auto_stories

Crie uma conta grátis para salvar versículos

Cadastrar