chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 121

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?

2 Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

5 Se Senyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

7 Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme