chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 6

Haitian Contemporary Version

1 (2) Senyè, pa pini mwen non lè ou fache! Pa kale mwen lè ou ankòlè!

2 (3) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen santi m san fòs. Geri mwen, Senyè, paske m'ap deperi.

3 (4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?

4 (5) Tounen vin delivre m non, Senyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri.

5 (6) Paske, lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò. Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a.

6 (7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo.

7 (8) Figi m fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.

8 (9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Senyè a tande lè m'ap kriye.

9 (10) Li tande m lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.

10 (11) Tout lènmi m yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme