Sòm Capítulo 128
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!
2 Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou.
4 Se konsa Senyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
5 Se pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou! Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.
6 Mwen mande l pou l fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!
Versículo del Día
"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Guarda tus versículos, únete a tu congregación
Registrarme gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol