chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 120

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.

2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.

3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?

4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.

5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!

6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki rayi lapè yo pandan twòp tan.

7 Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire