chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 58

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?

2 Non, nan kè, nou fòmante inikite. Sou latè, nou peze balans pou separe bay vyolans ak men nou.

3 Mechan yo pèvès depi nan vant. Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.

4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan. Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,

5 pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo, malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.

6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.

7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.

8 Kite yo tankou kalmason ki fonn, ki vin disparèt pandan l ap mache, tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.

9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak sila kap brile yo, ansanm.

10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,

11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire