Sòm Chapitre 149
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1
Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.
2
Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.
3
Kite yo louwe non Li avèk dans! Kite yo chante lwanj a Li avèk tanbouren ak gita.
4
Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a. Li va anbeli enb yo avèk sali Li.
5
Kite fidèl yo leve wo nan glwa. Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
6
Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo,
7
pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
8
pou mare wa yo ak chenn, ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
9
pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!
Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol