Sòm Chapitre 149
Haitian Contemporary Version
1
Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!
2
Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
3
Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
4
Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
5
Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
6
Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
7
pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,
8
pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,
9
pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Senyè a!
Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol