chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 124

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Si Senyè a pa te kanpe pou nou, kijan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

2 Wi, si Senyè a pa te kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

5 Wi, lavalas ta pote nou ale.

6 Ann fè lwanj Senyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

7 Nou chape tankou yon ti zwazo ki chape sòti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n'ale.

8 Se Senyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire