Sòm Chapitre 3
Haitian Contemporary Version
1
(2) Senyè, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m yo anpil!
2
(3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l!
3
(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
4
(5) Mwen rele Senyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
5
(6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.
6
(7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou.
7
(8) Leve non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.
8
(9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol