MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 113

Haitian Contemporary Version

1 Lwanj pou Senyè a! Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li!
2 Se pou nou nonmen non l depi kounyeya epi pou tout tan tout tan.
3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Senyè a!
4 Senyè a donminen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
5 Pa gen tankou Senyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
6 Li bese je l pou l wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
7 Li bay pòv malere a men pou fè l leve sòti nan pousyè a. Li wete l nan mizè.
8 Li fè l chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit. Lwanj pou Senyè a!

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire