Sòm Chapitre 23
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.
3 Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
4 Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m yo. Ou resevwa m, ou fè kè m kontan ou ban m tou sa m bezwen.
6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m, w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol