chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 97

Haitian Contemporary Version

1 Se Senyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!

2 Li nan mitan yon gwo nway tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.

3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l yo tout kote l pase.

4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.

5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Senyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.

6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.

7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.

8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Senyè!

9 Senyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap donminen sou tout bondye yo.

10 Senyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.

11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.

12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè pou nou. Di l mèsi! Li pa tankou tout moun.

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire