Sòm Chapitre 26
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Fè m jistis, Senyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
2 Fouye m, Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m.
3 Ou fè m wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.
4 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.
5 Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.
6 Senyè, m'ap lave men m pou m moutre jan m inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
7 pou m fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m rakonte tout bèl bagay ou yo.
8 Senyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.
9 Pa trete m menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m ansanm ak sanginè yo,
10 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.
11 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m, gen pitye pou mwen.
12 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Senyè a nan mitan pèp la lè l reyini.
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol