Sòm Chapitre 93
Haitian Contemporary Version
1
Senyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l.
2
Senyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
3
Larivyè yo desann, Senyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
4
Men, Senyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
5
Senyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol