Sòm Chapitre 125
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l, yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
2 Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan.
3 Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.
4 Senyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.
5 Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol