chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 127

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.

2 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.

3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.

4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.

5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire