MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 43

Haitian Contemporary Version

1 Fè m jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
2 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m, lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo?
3 Voye limyè ou, moutre m verite ou la. Fè yo fè m wè chemen pou m pran an. Fè yo mennen m sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
4 Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m kontan an, Bondye k'ap fè m fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m lan.
5 Wi, men poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Références croisées
Ps 42:6 Ps 42:12

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire