MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Sòm Chapitre 3

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.
2 Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
5 Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7 Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
8 Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire