Jenèz 38

Haitian Contemporary Version

1 Lè sa a, Jida kite frè l yo, l'al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.

2 Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l.

3 Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er.

4 Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l Onan.

5 Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela.

6 Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l lan.

7 Men Er, premye pitit Jida a, pat fè Senyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Senyè a te fè l mouri.

8 Lè sa a, Jida di Onan: — Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l. Se devwa ou, paske ou se frè mari l ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.

9 Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pat fè pitit pou frè li a.

10 Sa l t'ap fè a pat fè Senyè a plezi. Se konsa Senyè a fè l mouri tou.

11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: — Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m lan, vin gran. Li te di l sa paske li te pè pou Chela pat mouri tankou frè l yo. Tama menm tounen rete kay papa l.

12 Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l lan, Ira, moun Adoulam lan. Li ta pral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l yo pou li.

13 Yo fè Tama konn sa, yo di l: — Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l fè taye lenn mouton li yo.

14 Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, l'al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pat pran l bay Chela pou madanm.

15 Lè Jida wè l, li konprann se te yon jennès, paske figi l te kouvri.

16 L'al jwenn li bò chemen an, li di l: — Vin non. Kite m kouche avè-ou. Li pat konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: — Kisa w'ap ban mwen pou m kite ou kouche avè m.

17 Jida reponn li: — M'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: — Kisa w'a ban m kenbe jouk ou voye l ban mwen.

18 Jida reponn li: — Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: — So ou la ak tout kòd li ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo vre. Li kouche ak li. Tama vin ansent.

19 Apre sa Tama leve, l'al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò.

20 Jida voye zanmi l, moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l te ka reprann sa l te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l lan pat kapab jwenn fanm lan.

21 Li mande mesye ki te la yo: — Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: — Pa janm gen okenn jennès bò isit la.

22 Li tounen al jwenn Jida, li di l: — Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m pa janm gen okenn jennès bò la.

23 Jida di l: — Pa fatige kò ou chache reprann sa k nan men l lan. Moun va pase m nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!

24 Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: — Tama, bèlfi ou la, lage kò l nan jennès. Li gentan ansent. Jida di yo: — Pran l, mennen l deyò lavil la. Mete dife anwo l jouk li mouri.

25 Yo t'ap kondi Tama deyò vil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: — Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt pouki moun so sa a ak tout kòd li ansanm ak tout baton sa a ye.

26 Jida rekonèt yo, li di: — Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l marye ak Chela, pitit gason m lan. Jida pat kouche avè l ankò.

27 Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li.

28 Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l. Li di: — Sa a fèt anvan.

29 Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki sòti anvan. Fanmchay la di: — Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l Perèz.

30 Apre sa, frè li a sòti ak fil wouj la mare nan men l. Yo rele l Zerak.

chevron_left Cap. 37 38 de 50 Cap. 39 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis