Jenèz 4

Haitian Contemporary Version

1 Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, epi li di: — Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.

2 Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.

3 Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a.

4 Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la.

5 Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare.

6 Lè sa a, Senyè a di Kayen: — Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa?

7 Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li.

8 Yon jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt.

9 Senyè a mande Kayen: — Kote frè ou Abèl? Kayen reponn: — Mwen pa konnen. Epitou, èske se mwen ki gadò li?

10 Bondye di konsa: — Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen.

11 Enben, tè ki te louvri pou bwè san frè ou ou fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.

12 Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa li ta dwe. W'ap tounen vakabon pyepoudre sou latè.

13 Kayen di Senyè a: — Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l.

14 Men ou mete m deyò sou tè sa a kounyeya, se kache pou m al kache pou ou pa wè m. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.

15 Senyè a di: — Non, si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa. Se konsa Bondye mete yon siy sou Kayen pou pyès moun pa touye li si yo kontre li.

16 Apre sa, Kayen wete kò l devan Senyè a, l'al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.

17 Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l Enòk. Li ba l menm non ak pitit gason l lan.

18 Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.

19 Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila.

20 Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.

21 Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif.

22 Zila menm bò pa l te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.

23 Yon jou, Lemèk di madanm li yo: — Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Koute byen sa m'ap di nou, medam mwen yo! Mwen touye yon nonm paske li leve men li sou mwen. Wi, paske li met san m' deyò, mwen touye jennonm nan.

24 Si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa. Men si yon moun touye, mwen menm Lemèk, swasanndisèt moun ap peye sa.

25 Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: — Bondye ban m yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l Sèt.

26 Sèt, pou tèt pa l, vin gen yon pitit gason, li rele l Enòch. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Senyè a.

chevron_left Cap. 3 4 de 50 Cap. 5 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis