Nonb 6
Haitian Contemporary Version
1 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: lè yon gason oswa yon fanm fè ve espesyal, ve nazireyen yo, pou li konsakre tèt li nèt pou Senyè a,
3 se pou l rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.
4 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye tankou yon nazirit lan, li pa gendwa manje anyen ki sòti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a.
5 Pandan tout tan li fè ve pou li viv konsakre pou Bondye tankou yon nazireyen an, se pou li pa janm fè cheve li nan tèt li, ni li pa gendwa fè bab li. Se pou li kenbe ve a tout tan li apa nèt pou Bondye a.
6 Pandan toutan l'ap viv konsakre pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav,
7 menm kadav papa li osinon manman li, frè oswa sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske cheve nan tèt li se siy li konsakre nèt pou Bondye.
8 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, se pou l rete apa nèt pou Bondye.
9 Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazirit, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a san koupe cheve nan tèt li, nazirit lan ap twouve l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li.
10 Sou uityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
11 Prèt la va ofri yo bay Senyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.
12 Nonm lan va refè ve li te fè pou li viv apa nèt pou Bondye a. Tout sa li fè anvan an pa konte paske ve a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.
13 Men sèvis yon nazireyen va fè lè tan ve li bout. Y'a mennen li devan pòt Tant Randevou a.
14 L'a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Senyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Senyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.
15 L'a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.
16 Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Senyè a. L'a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l'a boule ofrann li a nan dife.
17 L'a touye belye mouton an, la ofri l pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a.
18 Lè sa a, nazireyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l'a pran cheve yo, l'a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule.
19 Apre nazirit lan fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l'a mete tou sa nan pla men nazirit lan.
20 Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Senyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazirit lan gendwa bwè diven.
21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazirit yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Senyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Senyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l la a, se pou l fè tou sa li te pwomèt pou l fè a.
22 Senyè a di Moyiz konsa:
23 — Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la:
24 Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou.
25 Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou.
26 Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.
27 Se konsa y'a nonmen non m, y'a lapriyè nan pye m pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol