1 Kwonik 10

Haitian Contemporary Version

1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun Izrayèl yo sou mòn Glibowa. Anpil nan moun Izrayèl yo mouri, rès yo kouri met deyò.

2 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt.

3 Batay la te mongonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble.

4 Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l konsa: — Rale nepe ou, touye m pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gentan rive sou mwen pou yo pase m nan betiz. Men, gad kò a pat vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l tèt anba, li lage kò l sou li.

5 Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil.

6 Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.

7 Moun Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri, epi Sayil ak pitit gason li yo mouri. Lè sa a, yo leve kite vil kote yo rete yo epi yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran vil yo epi yo enstale yo la.

8 Nan denmen, apre batay la, moun Filisti yo tounen vin pran tou sa ki sou sòlda ki mouri yo. Yo jwenn kadav Sayil ak kadav pitit gason li yo blayi frèt atè sou mòn Gilbowa a.

9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bòn nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la.

10 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l nan tanp Dagon an.

11 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,

12 tout mesye ki te brave danje yo leve, y'al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

13 Se konsa Sayil mouri paske li pat kenbe pawòl li ak Senyè a. Li pat obeyi lòd Senyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l te konnen sa ki ta pral rive l,

14 pase pou l te al mande Senyè a sa. Se poutèt sa Senyè a te touye l, li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.

chevron_left Cap. 9 10 de 29 Cap. 11 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis