1 Kwonik 14

Haitian Contemporary Version

1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.

2 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Senyè a menm ki te mete l wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.

3 Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.

4 Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,

5 Jibka, Elichwa, Elpelèt,

6 Noga, Nefèg, Jafya,

7 Elichama, Baalyada ak Elifelèt.

8 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y'al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li sòti al kontre yo.

9 Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.

10 David pale ak Bondye, li mande l: — Eske se pou m atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m? Senyè a reponn li: — Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.

11 David moute Baal-Perazim, ki vle di Pasay-Granmèt la. Li kraze moun Filisti yo. Lè sa a, David di: — Bondye sèvi avè mwen tankou yon lavalas pou li louvri pasay nan mitan lènmi mwen yo. Se poutèt sa, yo rele kote a Pasay-Granmèt.

12 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.

13 Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay.

14 David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: — Pa atake yo sou devan bò isit la. Fè yon detou, pase sou dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo.

15 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.

16 David fè sa Senyè a te mande l fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.

17 Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Senyè a te fè tout nasyon yo pè li.

chevron_left Cap. 13 14 de 29 Cap. 15 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis